Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Robert Mugabe Prete Sèman Pou Yon Lòt Manda Kòm Prezidan Zimbabwe


29-06-2008

Prezidan zimbabweyen an, Robert Mugabe, prete sèman pou yon nouvo manda senkan (5 an) apre Komisyon Elektoral la deklare se li ki ranpòte eleksyon prezidansyèl la yon eleksyon
President Robert Mugabe addresses media after voting in Harare, 27 Jun 2008
Prezidan Robert Mugabe kap pale ak laprès nan vil Harare, apre l' fin vote 27 jen 2008 la
anpil obsèvatè rejte kòm ''enjis'' e san lejitimite. Mesye Mugabe prete sèman dimanch 29 jen an nan kapital la, Harare, mwenske inèd'tan apre Komisyon an te anonse Mugabe genyen dezyèm tou eleksyon vandredi pase a.

Rezilta ofisyèl yo endike Mugabe rekòlte apeprè 2.15 milyon vòt, swa 85 pousan bilten elektè yo depoze. Lidè opozisyon an, Morgan Tsvangirai, (ki pat patisipe nan eleksyon) rekòlte anviwon 233.000 vwa, tandiske genyen 130.000 bilten yo anile swa paske yo foto kandida a te efase swa paske bilten yo gate.

Tsvangirai te rale kò l' nan konpetisyon an semèn pase a akòz, nap site: "militan Pati ki sou pouvwa a (Zanu-PF) touye e blese plizyè milye patizan l'". Nan koumansman jounen dimanch 29 jen an, yon ekip obsèvatè Palman Pán-African an te reklame òganizasyon nouvo eleksyon paske li estime vòt vandredi a pa gen kredibilite.

Chèf misyon an, Marwick Khumalo, deklare diskou rayisab, pawòl kap chofe moun komèt zak vyolans, kap pale de lagè pwovoke laperèz e kraponnen elektè yo. Khumalo deklare tou li difisil
Zimbabwean President Robert Mugabe addresses police graduation ceremony in Harare, 21 May 2008
Prezidan zimbabweyen an, Robert Mugabe. (Foto achiv AP-mwa me ane sa a)
pou l' rejte akizasyon ki di zak vyolans ki sakaje Zimbabwe nan jou pase yo se pa leta ki deyè yo.

Komisyon Elektoral la pibliye rezilta eleksyon vandredi a nan mwenske karant'uitè (48 tè) tandiske li te rete tann pliske senk semèn pou l' pibliye rezilta premye tou aki te dewoule nan mwa mas la. Mesye Tsvangirai te kale mesye Mugabe nan premye skriten an, men rezilta ofisyèl yo te fè konnen li pat rive ranpòte majorite nesesè pou l'genyen eleksyon an "la-pou-la".
Lidè opozisyon an te pase pifò semèn dènye a nan anbasad Peyi-Ba a (Hollande) nan vil Harare paske li te pè pou sekirite li.


Prezidan Mugabe ap dirije Zimbabwe depi peyi a pran endepandans li nan men Grande Bretagne an 1980.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Nouvo Premye Minis Ayisyen an, Michèle Pierre-Louis, Pale de Defi Ijan ki Devan Peyi a  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Michèle Pierre-Louis
Tanpèt Twopikal Hanna Pwovoke Inondasyon ann Ayiti  Audio Clip Available
Gouvènman Ayisyen an Mande Asistans Entènasyonal Apre Dega Siklòn Gustav ak Hanna  Audio Clip Available
Ayiti:Chanm Depite a Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye Michèle Pierre-Louis