Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Ayiti-Dosye Premye Minis: MINUSTAH Byen Kontan Ak Desizyon Pati Politik yo


22-08-2008
Nouvèl Ayiti Pou Maten 22 Out la - Telechaje (MP3) audio clip
Nouvèl Ayiti Pou Maten 22 Out la - Koute (MP3) audio clip

[insert caption here]
[Lokal Palman Ayisyen an]
Chèf sivil Misyon Nasyonzini pou Stabilize Ayiti a (MINUSTAH), Tinizyen Heidi Anabi, salye desizyon kèk pati politik pran pou mande reprezantan yo nan Palman an vote an favè politik jeneral Premye Minis ratifye Michèle Duvivier Pierre-Louis. Nan yon mesaj responsab la li bay jounalis yo li fè konnen absans yon gouvènman lejitim nan peyi a depi 12 avril pase a afekte fonsyonnman enstitisyon yo.

Premye Minis ratifye a poko kapab prezante politik jeneral li devan 2 chanm yo akoz group Konsètasyon Palmantè Pwogresis yo, ki kontwole Chanm Depite a, mande pou li resevwa yon kopi dokiman an avèk lis konplè manm Kabinè Ministeryèl pwochen gouvènman an. 

Pati Fizyon Sosyo Demokrat yo, Pati Latibonit an Aksyon (LAA) ak Òganizasyon Pèp kap Lite (OPL) te anonse retrè yo nan negosyasyon yo t'ap fè ak  pouvwa ekzekitif la, sepandan yo deklare reprezantan yo nan Palman an ta dwe vote anfavè Deklarasyon Politik Jeneral nouvo Premye Minis la. 

Yon lòt kote, gen manm Palman an ki gen kè-sote akòz konsekans kriz politik la ka genyen sou ekonomi peyi a, sitou nan moman lekòl ap pare pou re-louvri nan mwa septanm nan.

Si ou vle koute repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè atik la.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Senatè Hillary Clinton Kòm Sekretè Deta

  Lòt Nouvèl
Diaspora Ayisyèn Nan Rete Mobilize Pou Ede Viktim Siklòn yo Ann Ayiti  Audio Clip Available
Atak Teworis Nan Mumbai, Peyi End; Bilan Pwovizwa: 101 Moun Mouri
Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal  Audio Clip Available
Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a  Audio Clip Available
Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola  Audio Clip Available
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm