Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Tanpèt Twopikal Gustav Touye 68 Moun Ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn


28-08-2008

Tanpèt twopikal Gustav ka pase toupre oubyen sou zile Kayiman e sou rejyon wès Kiba, samdi 30 dawout la. Dapre kaptèn meteyo ameriken yo, Gustav ka tounen yon siklòn a nenpòt 
Workers board up windows in preparation for the arrival of the Gustav storm system, in George Town, Grand Cayman Island, 28 Aug 2008
Nan George Town, sou zile Grand Cayman, 2 ouvriye ap fè preparasyon pou pasaj Gustav
ki moman samdi. Selon dènye bilten meteowolojik Sant Nasyonal Ouragan Miyami an, National Hurricane Center, tanpèt la mache ak van kap soufle a 100 kilomèt alè. Sant lan di ouragan Gustav ka lage plis pase yon demi-mèt lapli sou kèk rejyon Jamayik e sou zile Grand Kayiman.

Jedi, Gustav benyen Jamayik ak anpil lapli e ak gwo van apre l' touye 68 moun pou pi piti nan peyi Dayiti ak nan Repiblik Dominikèn. Men dapre ajans nouvèl entènasyonal yo an' Ayiti sèlman li ta touye 60 moun, dapre yon bilan pwovizwa. Espesyalis yo atann aske tanpèt la pran direksyon Gòlf Meksik la nan koumansman semèn kap vini an e l' kapab tounen yon manman siklòn. Yo ajoute Gustav ka frape madi maten nenpòt Eta ameriken ki bay sou kòt gòlf la, sòt sou Florid pou rive sou Eta Texas.

Gouvènè Louisiane ak gouvènè Mississippi a deklare Eta dujans.

Yon lòt kote, tanpèt twopikal Hanna pran nesans jedi 28 out la lwen sou lanmè nan rejyon Zile Sous le Vent.

NDLR:Pou tout nouvo devlopman sou siklòn nan ak nouvo bilan viktim ak dega Gustav koze, tcheke sit angle Lavwadlamerik la: http://www.voanews.com/english


emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Lòt Atik
Pou tout nouvo devlopman sou Gustav, klike sou ralonj sa a
 
  Atik Prensipal
Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Senatè Hillary Clinton Kòm Sekretè Deta

  Lòt Nouvèl
Diaspora Ayisyèn Nan Rete Mobilize Pou Ede Viktim Siklòn yo Ann Ayiti  Audio Clip Available
Atak Teworis Nan Mumbai, Peyi End; Bilan Pwovizwa: 101 Moun Mouri
Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal  Audio Clip Available
Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a  Audio Clip Available
Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola  Audio Clip Available
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm